- yon lòt kote
- elsewhere
Haitian-English dictionary. 2009.
Haitian-English dictionary. 2009.
Vis — Yon moso metal ki gen filyè nan yon pwent kote li kapab itilize pou rantre nan lòt bagay tankou yon boulon. Lòt pwent la sèvi tankou baz li, tèt li e boulon an pa kapab pase sou pwent sa a. Nenpòt bagay ki ant baz, tèt vis la avèk boulon an ap… … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Taksi — Yon vwati piblik ki pran pasaje yon kote epi ale depoze yo yon lòt kote epi yo peye shofè a kòb. Gen de gwoup taksi: yon gwoup pote yon sèl moun ou byen plizyè moun ki konnen yonn avèk lòt e lòt gwoup la pote plizyè moun menmsi yonn pa konnen lòt … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Peyi — Yon moso tè avèk fontyè kote ki gen yon prezidan, yon leta, yon gouvènman. Yon nasyon endepandan kote moun kapab retounen shak fwa yo ale yon lòt kote … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Tinèl — Yon tou anba tè ki kòmanse yon kote pou mennen moun yon lòt kote. Yon tinèl kapab pase anba yon rivyè e mashin kapab itilize li pou travèse rivyè sa a … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Deyò — Yon lòt kote. Deyò yon kay vle di espas nan lakou li, nan lari a, nan vwazinay la, e latriye … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Transfere — Fòse, pran yon bagay epi mete li yon lòt kote, nan yon lòt pozisyon. Fòse, fè yon moun ale yon lòt kote. Retire yon moun nan yon djòb, yon travay epi mete li nan yon lòt travay pandan li toujou ap travay pou menm patwon an … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Vwayaje — Kite yon zòn, yon plas pou ale nan yon lòt zòn, yon lòt plas. Kite tè a pou ale yon lòt kote. Mouri. Aksyon yon moun ki kite peyi li e ki ale nan yon lòt peyi … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Mennen — Kontwole yon moun, yon bèt, yon bagay ki soti yon kote pou jis li rive yon lòt kote … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Vitès — Jan yon bagay deplase soti yon kote pou ale yon lòt kote. Yon pati nan yon mashin shofè a ou byen motè mashin nan menm kontwole pou ogmante, diminye rapidite mashin nan … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Kouri — Travay yon moun ki leve shak pye li epi mete yo atè byen vit pou avanse soti yon kote pou rive yon lòt kote byen vit … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Retire — Pran yon bagay nan mitan yon lòt bagay epi mete li yon lòt kote … Definisyon 2500 mo Kreyòl